Konkou “Kalbas Lespwa” : Men Lis Talè ki Retni pou Pwochen Etap la !
Apre yon evalyasyon rigourèz kote n ap chèche kreyativite, otantisite, ak respè pou tèm nou yo, nou rive nan yon moman enpòtan. Komite seleksyon an fyè dèske l prezante lis patisipan ki kalifye pou pwochen etap konkou Kalbas Lespwa.
Se pa sèlman yon lis non, se yon vitrin talan ki soti nan chak kwen nan peyi a. Chak patisipan ki retenu yo te rive konvenk jiri a pa sèlman pa bon jan kalite zèv yo, men tou pa kapasite yo pou yo enkòpore “Lespwa” nan sa yo fè.
✨ Men Talè ki Retni yo (Pa Depatman) :
Nou envite w dekouvri yo, gade videyo yo, epi pote yo sipò w !
Artibonite
- Joule Choralie (Gustinvil) 👉 Gade videyo li isit la
Grand’Anse
- Jimmy JANVIER (Pè Jemix fèl vini) 👉 Gade videyo li isit la
Nord
- Larose Chrisley 👉 Gade videyo li isit la
Nord-Est
- Ridacheline PIERRE (Voix d’Haïti) 👉 Gade videyo li isit la
Nord-Ouest
- Fabiola Chery (Zyrah) 👉 Gade videyo li isit la
- Marie-Ferlande Louis (Marah) 👉 Gade videyo li isit la
Ouest
- Ricardo Petit (Blanc kdo) 👉 Gade videyo li isit la
- Ania Aspira Sanon 👉 Gade videyo li isit la
- Christina Exantus 👉 Gade videyo li isit la
Sud
- Barbara Mathieu (Baboo) 👉 Gade videyo li isit la
Sud-Est
- Soraya Lauture (Sayoue) 👉 Gade videyo li isit la
- Kelenie Jean-Louis (starlymidj) 👉 Gade videyo li isit la
📢 Yon Apèl pou Kominote a
Chak view ak chak pataj konte ! Pou etap ki pral vini yo, sa pral depann anpil de jan patisipan yo mobilize pwòp kominote pa yo.
Kisa ou ka fè ?
- Gade videyo yo : Chak klik konte pou atis ki reprezante depatman w lan.
- Kite yon kòmantè : Ankouraje atis yo anba videyo yo. Yon ti mo ka fè yon gwo diferans nan motivasyon yo.
- Pataje : Pataje videyo sa yo sou paj Facebook, Instagram, oswa nan gwoup WhatsApp ou yo.
Nou vle remèsye tout moun ki te patisipe, menm moun ki pa te retenu yo. Talan nou an se richès peyi a. Kontinye kreye, kontinye briye !
Rete branche pou pwochen etap Kalbas Lespwa a!
#KalbasLespwa #TalentHaitien #Culture #Artiste #Haiti #Mobilisation
